DETAY SOU KOU YO
LEKÒL LA GEN 2 KOU KI DISPONIB
ENFÒMATIK BIWOTIK I
1 - WINDOWS I & II
2- MS OFFICE WORD I & II
3- MS EXCEL I
2- MS OFFICE WORD I & II
3- MS EXCEL I
ENFÒMATIK II OUBYEN SWIT BIWOTIK
1- EXCEL II
2- ACECSS I
3- POWER POINT I & II
2- ACECSS I
3- POWER POINT I & II
MONTAJ VIDEYO
1- TEKNIK KAMERA / TOUNAJ
2- ADOBE PREMIÈRE
A) ASANBLAJ
B) EFÈ SPESYO
2- ADOBE PREMIÈRE
A) ASANBLAJ
B) EFÈ SPESYO
kou nou yo pa dirèk, se kou ki deja prepare ki sou sit lekòl la
epi chak opsyon yo ap dire 4 mwa
Kijan ou kapab swiv kou yo?
Lè'w fin enskri sou sit la, w'ap sou 2 gwoup whatApp :
1- Youn ki ap gen tout etidyan ki nan menm peyi ak ou
2- Lòt la ap gen plizyè etidyan ki nan menm nivo ak ou.
w'ap gen yon orè nòmal, depi lè a rive, w'ap jwenn lyen kou a sou gwoup kou a. Lè'w louvri lyen an w'ap rantre sou sit lekòl la dwat pou al swiv kou a. ou p'ap gen aksè ak tout kou yo ansanm, chak lè lè a rive, w'ap jwenn yon kou, ke w'ap kapab swiv plizyè fwa. W'ap gen aksè ak kou yo pandan 4 mwa, aprè sa a ou p'ap ka swiv yo ankò.
Kijan ou kapab fè epi remèt devwa yo?
Chak kou ke'w swiv, genyen devwa, devwa yo obligatwa, se devwa ki pral fè lekòl la wè evolisyon etidyan an ak kou a. Sou 5 kou depi yon etidyan pa bay devwa l'ap deyò lekòl la nòmalman menm si li te peye tout kòb li. lekòl la tèlman sansib pou devwa etidyan'l yo, yon pwofesè toujou disponib pou'l ede etidyan li yo avèk apèl videyo whatsApp oubyen reponn kesyon etidyan yo, si etidyan bezwen èd.