DOLEYANS ETIDYAN

  Bien-Aimé Kétia          28 août 2022 - 05:19   
Mw felisite mèt la pou devouman li anvè nou menm etidyan yo. Li aprann nou Jan poun f afè nou bèl et pwòp. Poun jwnn cham nan sa nap f à se gras à sa yo ki fèm vin plis motivé menm lèm poko GN tt materyèl mw.

Sèl doleyans mw c paske kou yo pral pa disponible chak 24h. Poutan, pafwa lèm bzwen f Yon devwa ou konprann yon bgy mw Pat byen sezi c kou a mw tounen Al suiv akonpanye de liv la.
Li tap bel et bien si yo te rete poun Tal ré gade yo lèn vle si toute fois li pap possible ou t ka bay plis jou poun t ka repase sou yo de jou an jou.
Mèsi
  Bien-Aimé Kétia          28 août 2022 - 05:20   
Mw felisite mèt la pou devouman li anvè nou menm etidyan yo. Li aprann nou Jan poun f afè nou bèl et pwòp. Poun jwnn cham nan sa nap f à se gras à sa yo ki fèm vin plis motivé menm lèm poko GN tt materyèl mw.

Sèl doleyans mw c paske kou yo pral pa disponible chak 24h. Poutan, pafwa lèm bzwen f Yon devwa ou konprann yon bgy mw Pat byen sezi c kou a mw tounen Al suiv akonpanye de liv la.
Li tap bel et bien si yo te rete poun Tal ré gade yo lèn vle si toute fois li pap possible ou t ka bay plis jou poun t ka repase sou yo de jou an jou.
Mèsi
  Witchy Sévère          28 août 2022 - 05:23   
Deja mw sou 2e kou a, poko wè anyen pou m’ repwoche, men mw chwazi ekri pou m’ non sèlman remèsye pwòf lan pou inisyativ lan e pou fason li dispanse kou yo. N’ap vanse kenbe pa lage.💻🗂📚🖊
Felicitaciones 👏
  Julio jean baptiste          28 août 2022 - 05:24   
Pou mw profe tout bagay byen pou mw. Problem mw gen la manmann ki mouri selman
  PAUL ELIUS          28 août 2022 - 07:45   
Mwen felisite responsab lekol la pou devouman ak kapasite m' swetel bon travay ke Bondye kapab pwotejel pi plis toujou.
  Celius Alexis          28 août 2022 - 13:12   
Mw renmen kou paske se kou wa ki koz map fé anpil reche, anpil lot bagay,ou metem nan bon rout la,mw menm map fé anpil ge fò pou m soti tet mw pi pis,paske lè wap aprann yon bagay ou menm gen anpil lot pratik ou ka fé pou rann tet ou byen mèsi prof good djob,mw menm bisnis mw gentan ap byen mache la
  Frantz          28 août 2022 - 15:10   
Bonjou tt moun ki nan antouj lekol la..spesyalman gwo pwofesè sa a nou gnyn ki ap fòme e enfòme nou sou domèn sa....kote ki pral fè nou gn yn konesans anplis nan sosyete...mwn menm spesyalman ki te gn yn 💻 laptop depi plizyè mwa mwn pat konn koman poum t manevrel jounen jodi an depim sot travay se youn nan premyè opsyon'm al fè konesans avek yn nouvo travay...mwn felisite lekol spesyalman profesè nou.
  YLUS Thi beauvil          31 août 2022 - 09:57   
Bondye Beni nou.
Mwen di Bondye anpil mèsi nan lavi pwofesè Max Ricardo Montes paske li bali yon si gran talan konsa, pou fason li byen eksplike kou yo, pou jan li gen yon langaj ki eksplisit, pou jan li gen lanmou ak pasyans, li toujou motive.
Mwen kontan paske mwen fe etid sa nan lekol la, mwen santi mwen fyè de lekol la pou jan mwen aprann byen ladann, epi mwen fyè de tèt mwen paste mwen nan lekol la. Anpil respè pou profesè Max Ricardo Montes. Mwen ankouranje chak moun kap li mesaj sa fè chwa de lekol la epi envite zanmiw ou pap regrèt. Anpil mèsi, anpil mèsi... 🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰🥰
Mwen remèsye Fr CICERON VENIEL SAINT LOUIS ki te metem an kontak ak pwofesè a.👏👏👏👏👏👏👏👏👏👏👏👏...
  Ednel Saincère          03 septembre 2022 - 23:49   
Mwen salye w PDG ak tout estaf k'ap dirije Max Clip École Numérique.
Se yon onè pou mwen e avèk senserite , san flatri , m'ap eksprime kontantman lefètke m te rankontre lekòl la ; satisfaksyon an menmtan :
1) prof la dispanse kou a byen.
2) atant mwen kœmanse konble.
Rien à vous reprocher.
- Avèk Max-Clip,mwen deja wè m kòm yon bon teknisyen enfòmatik. Non sèlman sa,yon filyè k'ap kondui m sou chimen siksè.

Mwen swete lekòl la plis siksè,lonjevite.
Se pou gras Bondye devèse sou nou tankou yon flèv.
  JUDVENSON BELFLEUR          09 octobre 2022 - 16:17   
bonjou oubyen bonswa profese map felisitew pou jan wap eduke jenes la nan domen enfomatik,ak teknoloji ki sitou kap bat jenes ayisyen an sitou nan peyi chili ,mw tre fye de ou pandan map remesyew paske mw santi kou excel la rive sou mw a 99%